If
You
Want
Every time I see you
You always have something
That tickles the crotch of my pants...

If it's not your tits
Making "sparks fly"
Before my eyes
It's your gilded pout
Sticking its tongue out to tease me...

If you want
One day
I can take my time
And sing a mass
Into your daybreak

Every time I cross your path
It seems you purposely
Get my "sleeping cat,"
My wild horse, stirred up...

When your hip-swing
Isn't calling out, "sweets are coming"
To my tray of goodies
It's your blessed bonbons
Making my mouth of rainbows
Water...

One day
If you want
I'll display the musical score
Of my body
On the naked piano of yours.

--- Nousnous
(Lenous Surprice)


Si W-Vle
Chak fwa mwen wè-w
Toujou gen youn bagay
Ki pou ap satiyèt gason kanson-m...

Lè se pa tete-w
K'ap fè "tidifevole"
Douvan je-m
Se dyòl dore-w
K'ap fò jwisans mwen filalang...

Si w-vle
Youn jou
M'ka pran tan-m
Pou m'chante lamès
Nan douvanjou-w.

Chak fwa m'kwaze-w
Ou ta di w-fò espre
Pou w-reveye "lechakidò"
Chwal bosal mwen...

Lò se pa deranchman-w
K'ap rele "ladouskivyen"
Pou machann kenòp mwen
Se bonbon beni-w
K'ap fè bouch lakansyèl mwen
Kouri dlo...

Youn jou
Si w-vle
M'a layite nòt mizik
Kò pa-m
Sou pyano toutouni kò pa-w.


--- From Open Gate
An Anthology of
Haitian Creole Poetry

© 2001 Curbstone Press


Go Home     Go Up